Franz BENJAMIN

Date d'insertion : 2007-09-03  -  Date de modification :2008-01-17
Di m

Di ki lesyèl je w fikse
Wout kè w trase
Pou m tounen wosiyòl
K ap djayi nan pawoli lanmou w

Di m ki bò w aprann lekriti tilèt
Sou ki ban klou gagit ou t al goute sèl
Pou silabè m kontre ak pa w

Di nan ki tèt sous
Dlo kò w ap layite
Pou m ka tounen larivyè

di m  atèmiyò w
Pou m repoze mèt minwi m
Jouk solèy leve mache sou nou

Di m ki bò ou sèvi lwa
Pou m ka tounen laplas kay ou
Montre m perestil ou
Pou plante poto mitan m

Di m ogatwa w
Pou m limen yon lanp banbou
Pou Dantò

Di m
Di m
Di m
jous silans lalin
anvayi jwisans solèy

Dis
Dis moi le ciel
Dis moi la route
À l’envol
De ta parole d’amour
Dis moi ton école
Dis moi tes cahiers
Dans les mots croisés
de notre enfance
Dis moi la source
Dis moi ton corps
Sur la rivière de mes doigts
Dis mois ton lit
Dis moi le soleil
Marchant sur ta nuit
Dis moi les esprits
Dis moi ton hounfor
Ta place forte
Scellée à mon existence
Dis moi tes secrets de reine
Dis
Dis
Dis
le silence de la lune
brûlant la jouissance du soleil

Chimè m

Ou sèl chimè m
Chimen popyè m
Eklate nan tout plim je m
Rive bò pye m

Sèl espwa dezespwa m pran
Nan wout kaba
Siyon plezi m
Nan chak gous lavni

Ou sèl jeretyen m
Devan lavi ki pafwa tenyen
Ki souvan fennen
Sèl pasyans souf mwen pran
Anba kout fodan

Layite kò m nan bra w
Jous tout cheve m fin jòn
Fin blanch
Oubyen fin gri
dapre sezon lanmou w

Tout pot kè m dekachte
Kou yon lèt tou louvri
K ap tann ou
Pou siyen demen


Toi
Ma déroute
Sur mes rétines ouvertes
Jusqu’à ma cheville
L’espérance de mes désespoirs
Dans les dunes de chaux
Sillon de mes plaisirs
Dans les étreintes à huis clos
Patience de mes râles
Attablée sur le bateau d’Ouessant
Celle qui demeure
Quand tout se meurt
Ton corps s’étale
Au long de mes cheveux gris
Noirs
Blancs
Au long de tes saisons d’amour
Toi à qui je tends
Cette lettre ouverte
Qui t’attend
Pour signer les roses

(inédit)

Il m' arrive de croquer la nuit
de marcher sur les étoiles
en jouant la marelle
dans tes yeux

Il m'arrive que mon verre me parle
entre deux gorgées de toi
témoin buvard de mes insolences

Et la rive de nos joues
l'harmattan de nos rires
libérés du calendrier
refont le tour de notre monde

Elle arrive solitaire entre mes doigts
Ephémère dans ma tête
Je t'appellerai
Liberté


Franz Benjamin

Il est né à Port-au-Prince (Haïti). Il vit à Montréal et travaille dans le domaine des communications et des relations interculturelles. Il participe activement à la vie sociale et culturelle montréalaise. Poète et diseur, Franz Benjamin a choisi de célébrer la vie, d'en faire un festin à travers sa poésie. En créole ou en français, on retrouve cet attachement à l'essentiel : la liberté et l'amour. Au nombre de ses publications: Valkanday(2000, Paroles, Poésie créole), Chants de mémoire(Poésie, Paroles, 2003), Dits d'errance(Mémoire d'encrier, 2004)


adobe flash player active x download download adobe photoshop cs3 extended adobe acobat free downloaddownload adobe photoshop cs3 rapidshare Comprar Adobe and microsoft software